Di nou ki kalite randevou USCIS ou genyen, dat la, lè a ak kote randevou a ap fèt.
Depo $50 a pèmèt nou rezève yon entèprèt kalifye ki gen eksperyans pou w ka gen tèt poze pou randevou a.
Ekip Akor a ap kontakte ou pou konfime disponiblite, pri final la ak detay sèvis la.
Eksperyans reyèl kliyan ki te chwazi Akor pou sèvis entèpretasyon yo.
“Ou pale ak moun byen, ou trete moun byen. Mwen remèsye ou anpil paske ou te ban mwen bon sèvis. Pwochen fwa, depi m bezwen entèprèt, m ap toujou kontakte ou, paske mwen vrèman apresye sèvis ou te ban mwen an.”
“Mw tres satisfè de sèvis Akor. Ponktyalité, professionalism e gentillesse nan package la. 👍”
“Sa fe dezyem fwa Akor ale avem nan randevou azil e chak fwa mwen vreman satisfe. Yo pa fem peye anpil kob e yo vreman pwofesonel.”
Men kèk repons pou kesyon ou ka genyen anvan ou rezève entèprèt ou.
Pri sèvis la varye ant $300 ak $600 selon kalite randevou a, kote randevou a ap fèt ak lòt detay sèvis la. Ekip Akor a ap konfime pri final la avèk ou.
Depo $50 a pèmèt nou kòmanse pwosesis rezèvasyon an. $50 sa a ap soti nan pri total sèvis ou a.
Apre nou resevwa depo a, ekip Akor a ap verifye detay randevou ou a epi kontakte ou pou konfime disponiblite entèprèt la, pri final la ak lòt detay sèvis la.
Nou ka bay sèvis entèpretasyon pou plizyè kalite randevou USCIS, tankou randevou azil, rezidans, sitwayènte ak lòt kalite entèvyou oswa randevou USCIS.
Pou sèvis entèpretasyon USCIS sa a, Akor ofri Kreyòl Ayisyen, fransè ak espanyòl.
Akor bay sèvis nan Indianapolis, Indiana; Chicago, Illinois; Cincinnati, Ohio; Columbus, Ohio; ak Louisville, Kentucky. Pri sèvis la ka varye selon vil ak kote randevou a ap fèt.
Non. Akor bay sèvis entèpretasyon. Nou pa yon kabinè avoka epi nou pa bay konsèy legal.
Ban nou detay randevou ou a epi peye yon depo $50 pou kòmanse pwosesis rezèvasyon an.
REZÈVE ENTÈPRÈT MWENTanpri sonje: Pri sèvis entèpretasyon nou yo varye ant $400 ak $700, selon detay randevou a. Depo $50 ou peye pou rezèvasyon an se pa pri total sèvis la. Nou ap retire $50 sa a nan pri total sèvis ou a.
Need a Haitian Creole, French, or Spanish interpreter for your USCIS interview? Akor Languages provides professional interpretation services in Indianapolis, Chicago, Columbus, and Louisville.