Kraze baryè lengwistik yo, konstwi yon pi bon demen: Se sa Patnè
ou fè konfyans nan zafè tradiksyon Kreyòl Ayisyen, Fransè ak Espanyòl la fè.
Kit ou bezwen sèvis tradiksyon sètifye pou dokiman ofisyèl tankou ak/papye legal, aplikasyon USCIS oubyen relvedenòt akademik, osinon w ap chèche tradiksyon estanda pou biznis oubyen bagay pèsonèl ou, nou gen tout sa w bezwen yo!
Bay tradui dokiman w yo pou sèlman $50 USD pa paj epi jwenn yo nan 24 èdtan.
Nou ofri twa kalite sèvis tradiksyon distenk pou satisfè divès bezwen ou yo. Ekip nou an, ki ki gen ladan li yon seri tradiktè pwofesyonèl ak lengwis sètifye, angaje pou asire tradiksyon ki egzak epi de wo kalite. Ou ka benefisye tou opsyon livrezon rapid nou an— tout dokiman ou voye ba nou ki pa depase twa paj ap pare nan mwens ke 24 èdtan.
Pou itilizasyon ofisyèl ak pwofesyonèl nan anbasad, tribinal imigrasyon, lekòl, ak enstitisyon gouvènman lokal, etatik, ak federal toupatou nan peyi Etazini ak tout rès monn nan.
/Paj
Pou itilizasyon pèsonèl ki pa egzije sètifikasyon.
/ mo
Ou bezwen yon tradiksyon rapid pou zafè pèsonèl ou? Senpleman pran yon randevou epi voye dokiman ou yo ban nou. N ap tradui dokiman ki gen jiska twa paj yo nan sèlman 15 minit.
/15 minit
Nenpòt dokiman ou gen bezwen tradui. Tanpri, pa bliye endike si dokiman an bezwen sètifye ak/oubyen notarye.
Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (USCIS) mande pou soumèt yon tradiksyon sètifye pou nenpòt dokiman ki pa gen vèsyon orijinal anglè w ap gen pou soumèt kòm dosye nan aplikasyon ou. Pou dokiman sa yo, nou jwenn sètifika eta sivil yo (sètifika/ak nesans, maryaj, divòs, desè), relvedenòt, paspò, atestasyon asèmante/afidavi, kazye jidisyè, relve bankè, ets.
Dokiman w ap bezwen soumèt bay tribinal yo egzije yon tradiksyon sètifye. Pou dokiman sa yo nou jwenn depozisyon, jijman pase, mosyon, memwa, temwayaj, prèv, kontra, testaman, atestasyon asèmante/afidavi, ets.
Dosye medikal oubyen nenpòt dokiman ki montre yon istorik medikal mande pou li sètifye. Pou tip dokiman sa yo nou jwenn dosye vaksinasyon, vaksinasyon, fòmilè asirans medikal, ets.
Dokiman w ap gen pou soumèt bay bank oubyen nenpòt lòt enstitisyon finansyè. Yo kapab egzije oubyen pa egzije yon sètifikasyon. Pou dokiman sa yo nou jwenn deklarasyon bankè, rapò fisskal, plan biznis, fakti, resi kredi, ets.
Nou rann bezwen tradiksyon w yo pi senp avèk òf enbatab nou an: jiska senk tradiksyon dokiman sètifye pou sèlman $200 grenn dola USD. Ekonomize tan pandan w ap fè tradui tout sa w bezwen yo yon sèl kote epi rete tèt fwèt avèk garanti livrezon nan 72 èdtan nou an. Kòmanse fè chimen tradiksyon ou avèk nou jodi a menm!
Sèvi pou rapwoche yon sitwayen ameriken oswa yon rezidan pèmanan legal ak yon manm fanmi etranje ki vle imigre Etazini.
Pou dokiman sa yo nou jwenn:
Sèvi pou aplike pou yon Kat Vè (rezidans pèmanan) pandan ou deja Etazini.
Pou dokiman sa yo nou jwenn:
Sèvi pou mande Dokiman Otorizasyon Travay (Employment Authorization Document/EAD), sa nou souvan rele pèmi/kat travay la.
Pou dokiman sa yo nou jwenn:
Se apliasyon moun k ap chèche Estati PwoteksyonTanporè (TPS) Etazini itilize.
Pou dokiman sa yo nou jwenn:
Moun nan peyi Etazini sèvi ak li pou aplike pou azil si yo ap sibi pèsekisyon oubyen si y ap viv anba laperèz pèsekisyon nan pwòp peyi yo akoz kesyon ras, relijyon, nasyonalite, apatenans yon gwoup sosyal patikilye oubyen opinyon politik.
Pou dokiman sa yo nou jwenn:
Rezidan pèmanan legal yo sèvi ak li pou aplike pou sitwayènte ameriken pa mwayen natiralizasyon.
Pou dokiman sa yo nou jwenn:
Nan Akor Languages, ekip tradiktè pwofesyonèl nou yo espesyalize nan divès domèn, ki gen landan li ekspè ak lenguis sètifye ki kapab tradui nenpòt dokiman ak transparans. Lè w konfye nou yon travay tradiksyon, nou asire nou dokiman w yo al jwenn manm ki pi kalifye nan ekip la selon domèn nan, yon fason pou garanti presizyon ak ekselans.
Dekouvri diferans lan nan Akor Languages, kote pwosesis travay ak bon jan swen nou an garanti chak dokiman ou konfye nou resevwa pi bon trètman ak tout atansyon nou. Se angajman sa ki fè nou gen yon to prezisyon enpresyonan ki a 99%.
Kòmanse egzamine dokiman an pandan n ap chèche konprann kontèks li, objektif li ak piblik li sible a.
Chwazi tradiktè wo kalib pou de lang yo selon domèn ekspètiz la, pandan nou mete aksan sou konpetans yo, jan yo familyarize yo ak endistri a epi ak nyans kiltirèl yo.
Tradiktè yo ap travay sou tradiksyon kontni yo pandan y ap kenbe presizyon, klate ak fidelite tèks orijinal la.
Apre tradiksyon an, gen yon pwosesis revizyon ak kòreksyon total ki kòmanse. Ekspè k ap revize yo verifye avèk anpil swen gramè, sentaks, estil ak koyerans tèks la, pandan y ap pote kòreksyon ki nesesè yo pou klate ak presizyon.
Fè tchèk pou asire kalite tèks la nan yon mannyè apwofondi pou kapab garanti kontni ki tradui a respekte nòm estanda yo, ki gen ladan validasyon lengwistik, verifikasyon òtografik, mizanfòm epi konparezon avèk tèks orijinal la.
Asire yon tradiksyon ki apwopriye kiltirèlman nan revize referans yo, idyom yo ak nyans ki mande pou fè ajisteman pou klate ak pètinans lakay piblik sib la.
Livre kontni ki tradui a bay kliyan an pou li ka egzaminen epi adrese nenpòt pwoblèm oubyen sa ki pou revize pou asire satisfaksyon.
Apre konsiderasyon sou revizyon ak fidbak yo, n ap livre kontni tèks ki tradui a ba li nan fòma ak dele ki te bay la.
Ofri kliyan yo sipò ak asistans, kote n ap reponn tout kesyon siplemantè oubyen preyokipasyon yo konsènan kontni ki tradui a.
Nan Akor Languages & More, nou sèvi tout ayisyen alawonbadè. Pye bèf pou pye bèf n ap pran l kay pratik!